Maketing Medya Sosyal Gaetan Casseus
-
- Business
Itilize medya sosyal yo pou w grandi biznis ou ak enfliyans ou.
Gaetan Casseus, sètifye nan Marketing Medya Sosyal, chak semèn ap pataje estrateji solid e fè entèvyou ak ekspè, kreyatè kontni ki jwenn rezilta sou rezo sosyal yo pou ede w atenn objektif ou yo.
Si w son antreprenè, kreyatè kontni Podkas sa se pou ou.
Powered by My Streetlabs
-
Metrize Sèvis Kliyantèl nan maketing medya sosyal | Judd Point Barre E37
Nan epizod nou te resevwa Judd Point Barre, ekspè nan sèvis kliyan, pou n te gen yon konvèsasyon sou sèvis kliyantèl, inovasyon entèlijans atifisyèl nan domèn lan, ide kontni pou freelancer pou pi bon maketing sou medya sosyal yo.
Konekte ak Judd Point Barre: https://www.instagram.com/juddpointbarre/
Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso -
De 3k a 14k Followers sou Instagram nan 4 Mwa | Istwa Marckenley Macien E36
Mwen te kontan gen yon konvèsasyon ak Marckenley Macien, @timetoedit080_official sou Instagram.
Li pataje istwa l sou kòman l sòti de 3,000 a 14,000 followers nan 4 mwa sou Instagram.
Nan epizod sa nou pale sou:
Kòman l te pèdi premye kont Instagram lan?
Pwosesis kreyasyon kontni
Kijan l rete kreyatif pou l toujou jwenn nouvo ide videyo
Zouti pou w kreye kontni Instagram sou Telefòn ou
ak plis ankò....
Konekte ak Marckenley sou Instagram: http://www.instagram.com/timetoedit080_official/
Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso. -
Etap pou w vin yon Kreyatè Kontni a Plen Tan | Marie Falonne Jean Ep. 33
Marie Falonne Jean, UGC Content Creator, Makeup Artist, Beauty & Fashion Influencer.
Nan epizod sa, W ap aprann:
Kisa UGC Content Creation ye?
A kisa yon jou nan lavi yon kreyatè kontni a plen tan sanble
Byen optimize pou yo rive fè kob kòm kreyatè kontni
Kòman pou w grandi odyans ou
Diferans ant Reels ak Tiktok
ak anpil lòt bagay ankò.
Konekte ak Marie Falonne Jean 👇🏾
Instagram: https://www.instagram.com/faily.makeup/
Tiktok: https://www.tiktok.com/@faily.makeup?lang=en
Pinterest: https://bit.ly/3RDjTfv -
Estrateji Maketing Rezo Sosyal Pou Grandi Biznis Ou | Clifford Dessables Ep. 32
Clifford Dessables, Digital marketer, Business coach, Kofondatè Saveurs Lakay, li ede antreprenè fè lajan sou entènèt la san yo pa bezwen popilè.
Koman Clifford te kòmanse nan digital marketing?
Enpòtans leman pou biznis, e kòman nou ka itilize l pou atire kliyan lè n ap fè marketing rezo sosyal?
Ki enpòtans storytelling genyen nan biznis, social media marketing?
Pi bon fason nou ka vann sou rezo sosyal yo?
Kijan pou n kreye yon bon òf maketin?
Konekte ak Clifford Dessables
Instagram: https://www.instagram.com/cliffdessables/
Twitter: https://twitter.com/cliffdessables
Tiktok: https://www.tiktok.com/@cliffdessables
Facebook: https://www.facebook.com/cliffdessables/
Website: https://www.grandibiznis.com -
Sekrè pou w Jwenn plis Followers | Kevin Mesidor E31
Kevin Mesidor, yon komedyen ki konstwi yon kokennchenn odyans sou rezo sosyal e ki gen plizyè videyo ki gen plis pase 1 milyon views, ap pataje pakou l nan epizod sa e kòman li rive fè sa.
Nan Epizod sa, w ap aprann:
Koman Kevin (Aurelie) te kòmanse karyè l sou Tiktok
Kòman pou w jwenn enspirasyon
Fomil pou ret konsistan
Sekrè pou w jwenn plis Followers
ak anpil lòt bagay ankò.
Konekte ak Kevin:
Instagram: https://www.instagram.com/november_rain08/
Tiktok: https://www.tiktok.com/@aureliethedrama
Youtube: https://www.youtube.com/channel/UC5stJYnN9kC60E6aPBVs65A
Pataje epizod la ak zanmi w si w te apresye. -
Konprann Influencer Marketing | Angelika Leblanc E30
Angelika Leblanc se fondatè Influencer Link, yon ajans ki fasilite kolaborasyon ant Influencer ak brand.
Nan epizod sa, w ap aprann:
Diferans ant kreyatè kontni ak enfliyansè
Diferan tip enfliyansè ki genyen
Enpòtans Influencer Marketing genyen nan mond n ap viv jodia
Eske nenpòt moun ka vin influencer
Konekte ak Angelika Leblanc:
Instagram: https://www.instagram.com/angelika_leblanc/
Twitter: https://mobile.twitter.com/angelikaleblan4
Tiktok: https://www.tiktok.com/@angelikaleblanc
Youtube: https://www.youtube.com/channel/UCLBiUBL_1f5QreCRJXMBE1Q
Website: https://influencerlink.net/