1h 31 min

S01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè‪?‬ Kreyonomi podcast

    • Ciências sociais

Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik la te gen okazyon aktive mikwo l pou poze kesyon, sa ki te rann echanj yo pi vivan. Epizòd sa se dènye nan ribrik Ekonomi nou an. Pwochen ribrik la pral pale sou sosyete e n ap resevwa Yves-Marie Exumé nan premye epizòd la pou yon ti kozri sou fanm, dwa fanm, feminism ak lòt pawoli ankò. Randevou kase pou 3 desanm 7è pm pou epizòd an dirèk la, epi l ap disponib apre sa 7 desanm a 7è pm sou pòdkas la. Apati epizòd sa, chak nouvo epizòd pòdkas ap disponib 7 nan mwa a, a 7è pm.  An nou kontinye fè wout la ansanm.

---

Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/kreyonomi/message