21 episodios

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!
A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all sorts of topics! Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

Ti Chèz Ba The Podcast Ti Chèz Ba The Podcast

    • Cultura y sociedad

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!
A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all sorts of topics! Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    Covid-19

    Covid-19

    Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène.  Yo te brase lide sou Covid-19 e ki jan sa te afekte peyi Dayiti ak antouraj yo.

    Doktè a te rakonte ki jan pandemi a te afekte li nan travay li, ki jan li te adapte a nouvo viris sa a epi ki efè maladi a fè sou ni malad ni pèsonèl medikal la. Yon pèspektiv ki diferan e ki te pote anpil lòt aspè nan kestyon Coranavirus la!


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 1 min
    Eksperyans pa nou

    Eksperyans pa nou

    Apre yon ti tan Abèy yo tounen !

    Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl!

    Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te chanje nan lavi chak jou yo! 

    Pi plis toujou, Abèy yo te fè yon rale mennen vini sou eksperyans pa yo ak koze lanmou! Branche pou pataje moman entim sa !


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 2 min
    Rape

    Rape

    Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo.
    Nan epizòd sa nou resevwa de envite:
    Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pataje eksperyans li ak nou. Ak anpil kouraj li echanje pawòl ak nou sou ki jan li te viv dram sa e ki jan li kontinye viv vi li an apre.
    Nou resevwa tou Mèt Françoise B. Bonhomme, yon avoka ayisyen. Li pataje konesans li sou aspè legal kestyon vyol la epi eksperyans li nan entèraksyon li ak viktim agresyon seksyèl e latriye. 
    Sijè sa te leve anpil emosyon epi li grafik anpil kidonk epizòd sa a pa rekomande a timoun piti.


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 28 min
    Abortion

    Abortion

    Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.
    Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi  bwose sou risk kèk ladan yo ka pote.
    Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon.
    Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal.


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 4 min
    Faith & Abstinence

    Faith & Abstinence

    Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo.
    Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pandan ak apre etap sa nan la vi yo.


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 5 min
    Voodoo

    Voodoo

    Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon.

    Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis sou pratik vodou, sou sa li menm li konsidere ki bon nan vodou, sou move konsepsyon ki genyen sou relijyon a epi sou lavi li kòm yon Manbo k ap viv nan peyi Dayiti!


    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/ti-chz-ba-the-podcast/support

    • 1h 3 min

Top podcasts de Cultura y sociedad

The Wild Project
Jordi Wild
LO QUE TÚ DIGAS con Alex Fidalgo
Alex Fidalgo
A solas... con Vicky Martín Berrocal
Podium Podcast
Relojeros
Onda Cero Podcast
El colegio invisible
OndaCero
Crims
Catalunya Ràdio