8 episodes

Objektif REVÈY se ede w devlope kapasite mantal ak ba w teknik pou w fè 7 fwa plis siksè.

Reyisit ou depann de moun ou frekante, enfòmasyon w kolekte, anviwonman w ak desizyon w pran. REVÈY pral fè w dekouvri wòl chak eleman sa yo jwe nan lavi w ak kòman pou jere yo pou w gen bon jan rezilta.

Chak grenn chapit nan liv la pral edew :

Dekouvri tèt ou.
Dekouvri misyon w.
Planifye objektif ou yo ak ede w viv vi w reve a.
Nou chak gen yon jeni kap dòmi nan nou,
lè a rive pou w reveye pa w la.

REVÈY Pierre Stanley Baptiste

    • Education

Objektif REVÈY se ede w devlope kapasite mantal ak ba w teknik pou w fè 7 fwa plis siksè.

Reyisit ou depann de moun ou frekante, enfòmasyon w kolekte, anviwonman w ak desizyon w pran. REVÈY pral fè w dekouvri wòl chak eleman sa yo jwe nan lavi w ak kòman pou jere yo pou w gen bon jan rezilta.

Chak grenn chapit nan liv la pral edew :

Dekouvri tèt ou.
Dekouvri misyon w.
Planifye objektif ou yo ak ede w viv vi w reve a.
Nou chak gen yon jeni kap dòmi nan nou,
lè a rive pou w reveye pa w la.

    OU PA POUKÒ W | Chap 7

    OU PA POUKÒ W | Chap 7

    Ou fè tout saw te dwe fè pouw viv rèv ou, kounyaa pozew nèt. Kite linivè, Bondye ak fòs ki pi gran yo fè rès la.
    Pafwa nou pansen poukòn nan konba nap mennen an. Epoutan...

    Lè yon moun vle yon bagay,
    tout linivè a mete ansanm pou fèl rive.
    Paolo Coelho

    Lavi ap baw legen, lap lage nan menw saw te toujou reve yo. Lap voye bon moun ak opòtinite a nan bon moman an.

    • 3 min
    ENPÒTANS ECHÈK NAN REYISIT | Chap 6

    ENPÒTANS ECHÈK NAN REYISIT | Chap 6

    Anpil moun pa renmen aksepte yo echwe, yo prefere di yo aprann. 

    Anpati, sa yo di a se vre wi, men yon lòt bò m pa dakò.

    Definisyon klasik echèk, se lè w pa rive atenn yon objektif ou te fikse w. 

    Alòs baze sou definisyon sa a tout moun echwe. 

    Pa gen wout pa bwa, bal lòt non, echwe se echwe. 

    Se pa kòman w relel, men se kòman w jerel.

    • 7 min
    7 FWA PIS SIKSÈ | Chap 5

    7 FWA PIS SIKSÈ | Chap 5

    Avanw bat zyew yon lòt ane ap rive sou ou. Si wap li saa an 2020, li poko janm twò ta pouw vire volan an nan direksyon rèv ou. Yon ane ki chanje se yon evennman, yon moman. Vrè chanjman se saw opere nan viw yo.

    • 22 min
    APRANN FÈ ENPAK | Chap 4

    APRANN FÈ ENPAK | Chap 4

    2 bèl tifi al pase entèvyou pou yon bous detid. Joanna abiye an penpan. Bèl ti wòb li sou tèt jenoul, makiyaj li byen fèt ak bèl wotèl la. Parèt li parèt nan biwo a, tout moun enpresyone. Entèvyouwè yo plis panike ke li. Li se ansyen elèv kay mè, li konn kòman poul fè yon antre majistral.

    • 10 min
    RÈV vs OBJEKTIF | Chap 3

    RÈV vs OBJEKTIF | Chap 3

    Pi gwo pouvwa yon moun genyen, se pouvwa poul reve. Jerry Tardieu, Oasis

    Imajinew nan mitan gwo lanwit, nan yon chimenw pa konnen. Yon bouji kenbe nan men dwat ou, wap klere kote wap mete pyew. Fènwa kou lank, wap bare balèn la poul pa etenn. San limyè, ou pa konn kibòw ye, ni kibòw prale, gen anpil chans pouw pèdi.

    Rèv ou se tankou bouji saa. Wòl ou se pouw pwoteje limyè saa. San li wap pèdi nan fènwa lavi, ki difisil pou navige.

    • 6 min
    DEKOUVRI MISYON W | Chap 2

    DEKOUVRI MISYON W | Chap 2

    Ou reveye, benyen, manje epi al travay. Pandanw nan wout la wap mande tèt ou, kisaw la pouw fè? Se vrew pran plezi. Se vrew toujou okipe, menw pa santiw pote yon kontribisyon nan mond lan. Ou santi gen yon vid andedanw. Wap mande tèt ou, ki misyonm ?

    • 8 min

Top Podcasts In Education

The Mel Robbins Podcast
Mel Robbins
Life Lessons with Siobhan O'Hagan
Siobhan O'Hagan
The Rich Roll Podcast
Rich Roll
TED Talks Daily
TED
The Jordan B. Peterson Podcast
Dr. Jordan B. Peterson
The Sinead Says Podcast
Sinead Hegarty