6 episodes

Tas Kafe se yon espas echanj ki chita sou prensip Libète, Lanmou ak Ekilib. Matris ki akouche entansyon an konekte ak yon angajman nan yon demach pou patisipe nan leve konsyans Moun nan nan ayisyen an menm tan leve konsyans Ayisyen an nan moun.

Lòt Ayiti nou vle a egziste deja, ann fè l manifeste pou Limanite Libere!

Tas Kafe Sèvitè Fattah

    • Religion & Spirituality

Tas Kafe se yon espas echanj ki chita sou prensip Libète, Lanmou ak Ekilib. Matris ki akouche entansyon an konekte ak yon angajman nan yon demach pou patisipe nan leve konsyans Moun nan nan ayisyen an menm tan leve konsyans Ayisyen an nan moun.

Lòt Ayiti nou vle a egziste deja, ann fè l manifeste pou Limanite Libere!

    AllahoumannJah yon louvri pòt sou Dessalines.

    AllahoumannJah yon louvri pòt sou Dessalines.

    Prensip Moun nan Pote Laviktwa nan tout sitiyasyon. Kòman Nèg sa ki kondi nasyon sa nan Libète te fè kenbe Moun li nan sistèm lanfè lesklavaj? Kòman Nèg sa ki kondi nasyon sa nan Libète te fè kenbe diyite l nan tout sa l a fè? (Pataj Ras Ely AbdJahe)

    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 7 min
    Pataj Chek Nago sou Viktwa Moun nan!

    Pataj Chek Nago sou Viktwa Moun nan!

    Kelkelanswa sak pase, pinga nou pèdi Moun nou!
    Yon lòt apwòch sou koze lesklavaj la. Ayisyen se ras Viktwa. Nou se Laviktwa!

    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 9 min
    LÒT AYITI NOU VLE A EGZISTE DEJA!

    LÒT AYITI NOU VLE A EGZISTE DEJA!

    Si nou vle Lòt Ayiti a toutbon vre, nou chak gen JEFÒ pa n pou nou potekole nan fè l manifeste. Men jefò sa fòk li ale nan sans Misyon Istorik Pèp la.

    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 1 min
    10 pwen ki pwopoze endikasyon sou jan pou n kanpe ak jan pou n mache Kòm Ayisyen konsekan.

    10 pwen ki pwopoze endikasyon sou jan pou n kanpe ak jan pou n mache Kòm Ayisyen konsekan.

    Kolektif Solidarite Idantite ak Libète
    10 PWEN ANGAJMAN KSIL

    Mwen kwè Ayiti se Manman libète, sa vle di se li ki te pote pi gwo grenn mayi nan konbit liberasyon limanite nan tan modèn nan.

    Mwen kwè batay sa a dwe kontinye sou tras zansèt yo pou kanpe Ayiti sou de (2) pye l.

    Mwen kwè Ayiti Kiskeya se manifestasyon yon lòt mòd lavi pou pèmèt nou sòti nan enpas sivilizasyon materyalis loksidan an.

    Mwen respekte tout gran zansèt yo ki, pa pouvwa Granmèt la, te fè sakrifis lavi yo pou wete nou anba chenn esklavaj.

    Mwen pwan angajman pou m patisipe nan mezi m kapab pou n travay pou libere ak rebati nasyon an.

    Mwen pataje prensip solidarite, libète, renmen tèt nou ak frè/ sè nou ki se baz fondasyon KSIL.

    Mwen angajem nan konbit twa (3) reparasyon (anviwonman, nasyonal, sosyal) an, nan nivo pèsonèl ak kolektif, kèlkanswa kote m ye.

    Mwen pap patisipe nan okenn krim ak koripsyon ni ankonpaye yo non plis.

    Mwen kwè angajman politik se yon sèvis se pa yon metye. Jefò pou n chanje tèt nou se premye pa nan chanje sosyete a.

    Pou yon pèp lib nan yon peyi gramoun, Viktwa a se pou nou.


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 2 min
    LIBÈTE OU LANMÒ!

    LIBÈTE OU LANMÒ!

    Onè Respè nan Limyè ak Lanmou! Tèks sa se entèpretasyon youn nan Pawòl pi Vivan Zansèt nou te adopte. Pou chak tan gen yon nivo entèpretasyon Pawòl la ki koresponn. Se yon renouvèlman angajman kenbe Moun nou Kòm Ayisyen. LIBÈTE OU LANMÒ
    « Nou sèmante » pou kwape tout move mès, tout move panse, tout move santiman, tout move anvi ki vle bare wout nou sou santye Bondye a. N ap fè yon sèl ak pwensip Bonte, Jistis ak Ekilib. Bondye te kreye vèti, nou pa p esklav okenn vis.
    « Nou sèmante » pou n kanpe dwat devan tout moun. Devan tout moun ki vle domine nou sou baz siperyorite. Nou deja pwostène devan Bondye. Nou pa p bese tèt devan pèsonn. Nou pa p esklav okenn santiman enferyorite. Se sèl Bondye ki Gran.
    « Nou sèmante » pou n fè fas ak tout envizib ki vle pran nou kòm jwèt yo, kòm chwal yo. Nou deja chwazi soumèt tèt nou bay Sèl Bondye Granmèt la, pou n mache sou chimen dwat ki deja trase nan limyè a. N ap vanse san rete pou n akonpli misyon Granmèt la ban nou. Se Li ki bay lanmò se Li ki bay lavi. Nou pa p ba L asosye.
    « Nou sèmante » pou n chache lamoni ak tout kreyasyon an. Pou n onore manman nou Latè. Pou n sonje Bondye, chak kou nou wè parèy nou, chak kou nou wè dlo, chak kou nou wè solèy la, chak kou li fè nwa, chak kou nou leve tèt nou nou gade syèl la, chak kou nou wè bèt yo. N ap kase chenn ak tout move tretman, tout anvi, lanbisyon te konn fè n genyen devan yo. Mèvèy Bondye yo san parèy, n ap fonn nan yo.
    « Nou sèmante » pou n chire tout vwal iyorans ki fè n bliye kiyès nou ye. Ki anpeche nou kontre ak wout Seyè a trase pou Ayisyen. Nou se Endyen, Nou se Lafrik. Pwofèt Bondye yo se sèvitè nan peyi AYITI. Makandal vini ak pwofesi, Boukmann bay chimen limyè, Tousen louvri pòt la, Desalin rantre. Lendepandans deklare!
    NOU SE SEVITÈ BONDYE. NOU LIB DEVAN LINIVÈ.
    Chek Nago
    Atizan Lanmou
    Zik AYITI


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 2 min
    Tas Kafe (Trailer)

    Tas Kafe (Trailer)

    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/tas-kafe/message

    • 59 sec

Top Podcasts In Religion & Spirituality

Joel Osteen Podcast
Joel Osteen, SiriusXM
Saved Not Soft
Emy Moore
In Totality with Megan Ashley
Megan Ashley
Girls Gone Bible
Girls Gone Bible
The More Purpose Podcast
Clarence & Marlon Sellers
Faith Talks
Deborah