7本のエピソード

Echanj, Diskisyon, Pataj enfomasyon ak konsèy pratik sou devlopman pèsonèl ak edikasyon byenveyan.

1- Entèvansyon'm yo sòti de fòmasyon'm, rechèch mwen, eksperyans mwen ak eksperyans lòt moun

2- Mwen pa gen verite a , li enpòtan pou 'w fè pwòp rechèch ou tou

3- Gen plizyè fason yon moun ka abòde yon sijè. Si'w gen yon opinyon diferan, lap ede anpil si'w ekpoze'l e fè sa ak respè.

4- Pou tout kesyon ,kòmantè ak sijesyon ekri nou nan mesaj dirèk sou instagram oubyen anba post nou yo.

Mèsi. Bonne écoute 😉🙂

Ekilib Mwen Kathia Cadet

    • 教育

    Jere pitit ou nan konprann kijan sèvo'l fonksyone.

    Jere pitit ou nan konprann kijan sèvo'l fonksyone.

    Nan epizòd sa mwen pale de sèvo timoun. Nou gade ansanm kijan sèvo timoun nan ye, ki enpak sa genyen sou kòpòtman'l, ki lyen ki genyen ant sèvo yon timoun ak jan li eksprime bezwen'l. Mwen bay 4 konsèy pratik yon paran ka aplike ki ka ede'l nan jere pitit li a. Al tande epizòd sa 😉 PS : Map eskize'm pou brui ki genyen nan fon audio a.

    • 43分
    Eksperyans mwen ak depresyon

    Eksperyans mwen ak depresyon

    Nan epizòd sa mwen pale de depresyon e mwen rakonte eksperyans mwen kote mwen fè plizyè lane ap viv ak li jiskaske mwen arive sòti de eta depresif sa. PS : Mwen vle pote kèk ti eleman spesifik 1- Mwen vle spesifye ke solèy jwe yon gwo wòl nan rechaje enèji moun men li pa sèl koz byolojik depresyon nan peyi kote pa gen anpil solèy. Gen lòt faktè. 2- Gen plizyè nivo nan depresyon Mwen espere ke entèvansyon'm nan va ede. Al koute'l.

    • 53分
    Jere pitit ou nan aprann konnen bezwen li yo

    Jere pitit ou nan aprann konnen bezwen li yo

    Nan epizòd sa mwen pale de bezwen lakay timoun. Mwen gade avèk ou enpòtans bezwen yo e ki konsekans bezwen ki pa konble ka anjandre lakay yon timoun. Pou fini mwen propoze'w kèk konsèy pratik pou aprann konble bezwen pitit ou. Mwen envite'w tande epizòd sa 😉

    • 40分
    Konnen tèt ou, youn nan meyè mwayen pou pi byen fonksyone nan vi'w (Pati 1)

    Konnen tèt ou, youn nan meyè mwayen pou pi byen fonksyone nan vi'w (Pati 1)

    Nan epizòd sa nou gade ansanm benefis ou ka genyen lè'w aprann konnen tèt ou ak kèk zouti ki ka ede'w fè sa Al tande'l 😉

    • 26分
    Edikasyon Bon Konprann

    Edikasyon Bon Konprann

    Nan epizòd sa mwen lanse ribrik edikasyon bon konprann e mwen tou profite pale yon ti kras de kontni l ak objektik ribrik la. Mwen envite'w koute'l 😉

    • 8分
    Kisa "Ekilib Mwen" ye?

    Kisa "Ekilib Mwen" ye?

    Nan epizòd sa mwen esplike poukisa mwen chwazi non sa pou podcast la. Mwen esplike kisa devlopman pèsonèl ye, ki lyen ki genyen ant ekilib e devlopman pèsonèl. Si 'w gen kòmantè, sijesyon ou kesyon ale sou paj ekilib mwen an ekri nou nan mesaj oubyen anba post la. Bonne écoute 😉

    • 23分

教育のトップPodcast

英語聞き流し | Sakura English/サクラ・イングリッシュ
SAKURA English School
英語で雑談!Kevin’s English Room Podcast
ケビン (Kevin's English Room)
6 Minute English
BBC Radio
Hapa英会話 Podcast
Jun Senesac: バイリンガル 英会話 & ビジネス英語 講師
TED Talks Daily
TED
【聞くだけで覚えられる 】簡単な英語表現・ 初級 | 聞き流しのリスニイング 🍎
しゃべれる英語