2 avsnitt

Lavi, Tristès, Lanmou

Lodyans Ak MuBanji MuBanji Wa BaNtu

    • Komedi

Lavi, Tristès, Lanmou

    Ranvwa

    Ranvwa

    Ranvwa...

    10zè nan maten
    Yon bwat Poud
    Beny fèy
    Kivèt blan
    Moucha nan ren
    7 ne
    Klèmezin ap benyen mò l

    Mò a ale
    Jan l te vini an
    San anyen
    Malpalan di
    Mò a pa kite byen
    Men mò a kouche kouche l

    Gen moun ki di
    S on lafyèv
    Gen lòt ki di
    Mò a mouri mò bondje
    Mò a fin mò
    Pouki tout koze sa yo?

    Bò djo pran yon kou
    Sa s on bon kleren
    Penti a bèl
    Li ap pi bèl a midi
    Kav la gen lontan l pa sekle
    Mò viv nan pwòpte

    Pè savann
    De balèn
    Yon nap tou blan
    Tab la gen twa pye
    Libera ap chante
    Sanble pè a prenè wi
    Ti tabak ap vole
    Anba tonèl la chaje moun
    Sèkèy la fèt ak bon planch
    Mò a byen enstale

    Granchimen
    Separe Lakou mò a
    Ak simityè a
    Poukisa yo pa pase devan mèt bawon ak mò a?
    Fout timoun fèmen bouch nou
    Nou pa wè sa k ap fèt la
    Gen kesyon ki merite repons

    Bouch kav la ouvri 17 lajè
    Se konsa sa ye
    Yon dènye pèl
    Kav la bouche ak bon senp
    Klèmezin vire tèt li
    Tout moun te fin ale
    Yo kite l poukont li
    Ak mò l

    Soulye sa t ap kase pye l
    Koulè nwa sa la pou yon lane
    Yon tan dlo desann sou vizaj li
    Klèmezin gade timoun yo
    Li poukont li

    Solèy midi
    Penti a klere sou kav la
    Yon bèl limyè anvayi simityè a
    Silans
    Mò a poukont li

    Yo di a minui l ap tanmen anfle
    Mò a ale
    Pou l pa janm tounen

    ...

    • 2 min
    Ti Sentaniz

    Ti Sentaniz

    Entwo Ti Sentaniz (Esè)

    • 45 sek.

Mest populära poddar inom Komedi

ursäkta
Perfect Day Media
Alex & Sigges podcast
Perfect Day Media
Filip & Fredrik podcast
filipandfredrik.com
Vad Fan Hände?
Alice Stenlöf & Klara Elvgren
Fördomspodden
Emil Persson / Perfect Day Media
Högt i tak
Podspace