
5 episodes

ALASO! Alaso!
-
- Society & Culture
ALASO se yon pwojè NÈGÈS MAWON pote pou bay VWA FANM ak FEMINIS Ayisyèn yo plis espas.
-
DANTA: yon zouti pou edikasyon, pledwaye ak aksyon pou dekriminalizasyon avòtman nan peyi Dayiti
Gaële Bien-Aimé, kowòdonatris adjwen NÈGÈS MAWON ap resevwa Joeanne Joseph ki se komedyèn, otris, aktivis feminis, jesyonè pwogram nan NÈGÈS MAWON epi Charline Joseph ki se chantèz, maestra, komedyèn pou pale de DANTA. DANTA se yon pyès teyat Joeanne Joseph ekri, yon zouti NÈGÈS MAWON pou pouse pledwaye pou dekriminalizasyon avòtman pi lwen nan peyi Dayiti epi ofri espas pou avòtman sekirize, aksesib ak gratis pou fanm nan peyi a.
Lekti ekstrè tèks:
Nehemie Bastien
Lunix Hogla Cerisier -
Kijan konstwi ak amenaje espas yon pi bon fason an Ayiti ka yon zak rezistans kont vyolans ak inegalite sosyal?
Isabelle Jolicoeur se yon achitèk. Nan chita pale ak Gaëlle Bien-Aimé, li tap diskite nan pòdkas ALASO kijan òganizasyon espas nan peyi Dayiti ranfòse vyolans, diskrimasyon ak eksklizyon gwoup majinalize ak vilnerab yo, espesyalman fanm yo. Li poze yon kesyon fondamantal : kijan yon achitèk ka itilize angajman l, fòmasyon l ak travay li pou kontribiye nan chanje sa?
-
Apèl Solidarite Feminis: Feminis yo an Ayiti kanpe kont diktati ak destriksyon lavi nan peyi a.
Pou 3zyèm nimewo sa a, NÈGÈS MAWON ap pale de apèl solidarite feminis entènasyonal ke plizyè òganizasyon feminis nan peyi Dayiti lanse pou mete limyè sou sitiyasyon peyi a epi mande pou mande yo poze aksyon pou apiye revandikasyon feminis ayisyèn yo ak majorite popilasyon an.
-
Rapò fanm ak Inivèsite nan peyi Dayiti
Men dezyèm nimewo Podkas Alaso a!
Jounen 18 Me a, se selebrasyon 2 eleman enpòtan pou Ayiti: Drapo ak Inivèsite. E menm jan pou drapo a, istwa fanm ak Inivèsite a pa souvan nan deba yo nan sosyete sa. Rapò fanm ak Inivèsite a suiv menm chema patriyaka sosyete a.Gen yon kantite dokimantasyon ki pwodui sou fanm ak mouvman feminis ayisyen an nan 2 dènye deseni ki sot pase yo. Aksè ak dokimantasyon sa yo pi fasil nan inivèsite lòt peyi. Enterè Inivèsite Ayisyen pou Fanm ak mouvman feminis ayisyen an fèb.
Pou 2e nimewo a, òganizayon Nègès Mawon ap gade plizyè aspè nan rapò fanm ak inivèsite a, valè sijè rechèch sou fanm, sou mouvman feminis ayisyen yon feminis inivèsitèz, ki konsantre rechèch li sou lavi fanm ayisyèn. -
3 Avril: Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn.
Se ak anpil plezi òganizasyon Nègès Mawon lanse premye nimewo pòdkas li ki rele ALASO. Prewmye nimewo sa a soti nan kontèks jounen 3 Avril la, ki se jounen nasyonal mouvman fam Ayisyèn. Jounen 3 avril 2021 a fè 35 lane depi pi gwo mobilizasyon fanm te fèt nan tout peyi a an 1986. Premye nimewo ALASO a rakonte istwa mouvman sa a. E li tou anonse planifikasyon òganizasyon Nègès Mawon pou komemore jou sa a.