15 min

7 karaktè ke yon moun dwe kiltive Framework Conversations

    • Self-Improvement

Nan epizod sa nou prezantew 7 karaktè ke mwen konsidere kom 7 aksyon ke yon moun ta dwe kiltive e kap pemet vi pèsonèl ak Òganizasyon ke wap dirije ale nan lòt nivo a. 7 karaktè sa yo se: 1- Ou dwe fè de tèt ou yon moun ke lot moun ka fè konfyans. 2- Ou sipoze kwè nan tèt ou. 3- Ou sipoze yon moun ki sousye de lot moun. 4- Ou sipoze yon moun ki fòme epi enfòme. 5- Ou sipoze yon moun ki angaje. 6- Ou dwe Otantik, yon moun ki vrè. 7- Ou dwe pèswazif, konvenkan. Nan epizod nou prezantew 7 karaktè sa yo kom 7 aksyon ke yon moun sipoze kiltive nan lavi yo avek sel objektif pouw ale nan lòt nivo a. Nou eksplikew enpotans epi poukisa ou dwe: yon moun ke lot moun ka fè konfyans, paske se moun ki enfliyanse moun donk pouw enfliyanse yon moun fok moun sa ka fè yon minimòm konfyans. Ou dwe kwè nan tet ou paske janw prezante tet ou bay lot moun gen enpak sou reyaksyon moun sa vizavi de ou menm, esi moun ki anfas ou a gen santiman kew pa kwè nan tet ou, li pap trouve okenn rezon poul few konfyans tou. Li enpotan pouw sousye de lot moun, oswa li enpotan pou moun ki nan antouraj ou wè nan ou yon ki sousye de lot moun. Yon moun ki prè poul fè enterè lot moun pase sou enterè pal, e gon pawol ki di « Moun pa vreman enterese ak ki valè bagay ou konnen juskaske yon rive konnen kijanw son moun ki sousye de lot moun ». Li enpotan pouw son moun ki fòme epi enfòme lew vle enfliyanse lot moun oswa pale de yon domèn kèlkonk. Fòme tet ou kontinyèlman se youn nan pi meyè fason pouw enfliyanse ak pale de yon domèn kew vle ede lot moun grandi ladanl. Li bon pouw pran tan pouw fome tet ou paske moun ki entelijan pa janm sispann aprann paske nan ka kontrè wap pran gro risk e ou ka menm pedi kredibilite ajamè. Ou sipoze yon moun ki angaje, yon lidè son moun ki angajel poul ede lot Moun dekouvri potansyèl kap domi anndan yo epi pemet ke moun sa yo atenn objektif yo nan lavi. Anpil li konn paret plis ke difisil pou yon moun respekte yon angajman kel te pran paske obstak yo konn telman anpil sou wout li epi yon paret destriktiv sa konn fè ke moun sa anvi fè bak epi abandone men lew son moun ki angaje, angajmanw ap pemet ou fè fas ak tout obstak sa yo epi kontinye avanse juskaskew atenn objektif ou. Ou dwe Otantik, ou sipoze reyèl, ou sipoze vrè, ou pa sipoze fek. Ou pa sipoze gen 2 vizaj e moun kap fonksyone ak ou sipoze konn kiyes ou ye reyèlman. Ou pa sipoze ap bay tet ou pwoblem pouw paret nan po yon moun kew pa ye, ou dwe ap esye viv vi pa yon lot moun. Li enpotan pouw pap defann valè ki pa antre nan liy prensip ou yo ni bagay kew pa kwè ladan y. Paske ofinal verite ki nan ou an ap briye de tout fason. Ou dwe yon moun ki konvenkan, gen kapasite pouw konvenk moun son gro bagay men son kapasite ki frajil anpil lew chwazi itilizel de fason negativ, kapasite pouw konvenk lot moun anpil fwa konn mal itilize nan milye lidèship la. Son kapasite ki pata dwe itilize pou manipile moun nan enterè mesken m’en pito kom yon zouti ki pemet moun dekouvri kiyes yo ye epi akoupli vizyon ak pwojè yo nan lavi. Enfliyanse menm jan ak lidèship nan li menm Se 2 vèb, sa vle di nou chak kap viv gen kapasite poun enfliyanse omwen yon moun men jan lot moun ka enfliyanse nou tou. E tout lidè konnen ke si travay ou, aksyonw yo ak konpotman pa itilize pou enfliyanse lot moun konnen ke travay la poko fèt, paske wol yon lidè se dirije, sèvi ak enfliyanse. Siw son enfliyansè e moun Wap enfliyanse yo pa grandi sou okenn pwen ou mèt repanse karyè enfliyansèw... Fè chwa pouw aplike oswa kiltive 7 karaktè osinon 7 aksyon sa yo nan laviw se chwazi miltiplye kapasite lidèship ou pa yon kantite fwa anplis de kantite ou te gen avan an. 7 karaktè sa yo se 7 angajman kap pemet ou mennen vi pèsonèl ou ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Sonje siw bezwen wè chanjman demen se jodia menm pouw komanse travay pou chajman reyèl sa rive vre. Mwen vle fini ak pawol sa «  Si pwojèw yo pa enfliyanse janw jere tan