The Renouvodemokratik’s Podcast

renouvodemokratik

Okenn dyalog ak swadizan negosyasyon pou lapè pa ka efase nan memwa n zak teworis gang ame. Viktim yo swaf jistis ak reparasyon dekwa pou demokrasi ak libète ka fleri nan plas vyolans ak enpinite. ☻☻☻☻Aucun dialogue ou prétendue négociation pour la paix ne saurait effacer de notre mémoire les actes terroristes perpétrés par des gangs armés. Les victimes réclament justice et réparation afin que démocratie et liberté puissent fleurir là où prévalent violence et impunité. ☻☻☻☻Dialogue and peace talks cannot erase the memories of terrorist acts committed by armed groups. Victims yearn for justice and healing, allowing democracy and freedom to thrive instead of violence and lawlessness.

Episodes

  1. Echèk Misyon Miltinasyonal Sekirite a pa yon Sipriz

    09/18/2024

    Echèk Misyon Miltinasyonal Sekirite a pa yon Sipriz

    Jounal Miami Herald te fè yon revelasyon enpòtan lè li te rapòte nan dat 4 septanm 2024, Etazini ap konsidere transfòme Misyon Sipò Miltinasyonal Sekirite (MMS) an Ayiti nan yon operasyon lapè Nasyonzini. Malgre chanjman sa yo, misyon an ap toujou fè fas ak defi enpòtan. Genyen plizyè faktè ki te kontribye nan echèk misyon Kenya a an Ayiti, men se absans yon plan sekirite solid ki sanble  kòz prensipal la. Akoz pat gen  yon plan sekirite  efikas  pou konbat gang yo , travay  misyon an pa bay bon rezilta sou teren. Misyon an te fè fas ak defi lojistik enpòtan, tankou mank resous pou fè operasyon nan lè ak sou lanmè. Sa lakoz ,  pa gen gwo pwogrè ki fet  nan  remete sekirite an Ayiti.  Jodya, Gang ame yo kontwole prèske 80% nan kapital la, Pòtoprens, ki gen ladanl  yon gwo zòn kotyè, sa ki limite aksè a pò enpòtan peyi a ki se pwen kle pou komès ak distribisyon. Plizyè milye moun ki te kouri kite kay yo akoz vyolans gang yo toujou nan lari, Ayisyen paka sikile lib e libè nan peyi yo.  Misyon sekirite entènasyonal yo gen difikilte pou adapte yo ak yon sitiyasyon konplèks, kote faktè lokal yo, tankou pouvwa gang yo ak frajilite enstitisyonèl peze lou. Anplis, objektif misyon entènasyonal yo souvan pa aliyen ak bezwen plis aspirasyon pep ayisyen an. Sa kontribye nan pèsepsyon entèferans oswa  mank  lejitimite. Misyon lapè Nasyonzini yo sa yo pwovoke tre souvan chòk grav nan psikoloji nasyonal la ki poko jwenn gerizon. Sitiyasyon sa yo makonnen ak mank lejitimite otorite ayisyen yo eksplike poukisa moun nan Pòtoprens ak nan rès peyi a manke konfyans nan misyon lapè Nasyonzini yo. Ayisyen peye konsekans ensifizans ak iresponsabilite misyon sa yo, souvan ak pri lavi yo, epi nan gade peyi yo kap fe bak.             Se Sekrete Deta meriken an mouche Anthony Blinken ki bay Misyon  Kenya a denye Kout tiwel la.   Anverite, pyes  teyat la pa chanje . Se menm penpenp la , menm akte yo, menm rezilta yo. Patriyòt ak pwogresis ayisyen yo dwe ini fòs yo epi mobilize entèlijans yo pou devlope solisyon solid pou adrese pwoblèm konplèks peyi  nou , Ayiti.

    9 min
  2. Kat Koze Enpòtan pou Ayisyen nan Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini

    08/30/2024

    Kat Koze Enpòtan pou Ayisyen nan Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini

    Premye Koze: Leve Kanpe Tanmen pou Prezève epi Ranfòse Demokrasi. Moun kap analize di anvantay demokrat yo sòti nan fason yo ranmase  yon gwo mouvanm leve kanpe ki tanmen nan peyi a pou prezève demokrasi. Sonje Prezidan Trump se yon politisyen ki gen tandans kraze brize e li pare pou l elimine anpil nan gany ak dwa moun te konkeri nan sosyete meriken an, tankou dwa pou avòtman, dwa moun LGBTQ+, ak asirans medikal. Anplis, Prezidan Trump pwomèt pou l fèmen fwontyè yo, depòte imigran yo, epi kraze NATO, yon alyans ki mare Etazini ak lòt gwo peyi oksidantal yo.  Dezyèm Koze:  Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini se yon mak Lanmou pou peyi a. Anpil moun te etone lè yo te aprann Prezidan Biden te deside pa kandida pou yon dezyèm manda, yon desizyon ki te vize ogmante chans Pati Demokrat la pou l genyen pwochen eleksyon yo. Sa te reprezante yon gwo sakrifis Prezidan Biden fè pou benefis peyi l.  Twazyèm Koze: Tèt Ansanm pou Wete Demokrasi nan Move Pas. Youn nan siksè mouvman pou prezève demokrasi Ozetazini se rezilta yon gwo tèt ansanm pami divès gwoup enterè ak kategori moun ki deside mete fòs yo ansanm pou fè enterè yo tounen yon majorite an favè defans enstitisyon demokratik yo. Katriyèm Koze: Politik pou Pezoud Pwoblèm . Menas ekstremis ladwat kont demokrasi Ozetazini manifeste nan plizyè fòm tankou tantativ pou minen enstitisyon ki kenbe balans pouvwa a, vyolans politik , ranvèse anpil pwogrè ki te fèt nan domèn dwa sivil ak egalite, demantle pwogram sekirite sosyal yo, depòte  an mas imigran elt. Tout aksyon sa yo gen entansyon wete kapasite gouvènman an pou l travay pou byennèt komen  pandan y ap favorize enterè espesyal ak ideyoloji ekstremis.

    8 min

About

Okenn dyalog ak swadizan negosyasyon pou lapè pa ka efase nan memwa n zak teworis gang ame. Viktim yo swaf jistis ak reparasyon dekwa pou demokrasi ak libète ka fleri nan plas vyolans ak enpinite. ☻☻☻☻Aucun dialogue ou prétendue négociation pour la paix ne saurait effacer de notre mémoire les actes terroristes perpétrés par des gangs armés. Les victimes réclament justice et réparation afin que démocratie et liberté puissent fleurir là où prévalent violence et impunité. ☻☻☻☻Dialogue and peace talks cannot erase the memories of terrorist acts committed by armed groups. Victims yearn for justice and healing, allowing democracy and freedom to thrive instead of violence and lawlessness.