2 episodes

Panorama existe pour rencontrer, échanger et discuter avec ceux qui pensent autrement en et sur Haïti.
Présenté par Ralph Thomassaint

Panorama AyiboPost

    • News

Panorama existe pour rencontrer, échanger et discuter avec ceux qui pensent autrement en et sur Haïti.
Présenté par Ralph Thomassaint

    Poukisa Ayiti nan eta li ye jodi a?

    Poukisa Ayiti nan eta li ye jodi a?

    Anpil nan nou gen yon nostalji tan lontan. Anpil fwa, moun ki pi gran yo rakonte n jan lontan te pi bon, jan lavi a te bèl. Menm si lontan pa ta pi bon, gen anpil nan nou ki pat janm imajine Ayiti te ka rive nan nivo li ye jodi a. 

    Nan nimewo #Panorama sa a mwen eseye gade kisa ki pase nan istwa nou ki fè nou kote nou ye jodi a. Mwen chita pale ak reyalizatè fim Arnold Antonin pou diskite sou sa. Gen lòt moun tankou Samuel Pierre, Josette Bruffaerts-Thomas ak ekriven Kettly Mars ki pataje opinyon yo.

    • 1 hr 15 min
    Laboujwazi pa prensipal viktim kriz peyi a

    Laboujwazi pa prensipal viktim kriz peyi a

    Anpil moun konstate boujwazi peyi a pa vrèman sibi zak piyaj ki fèt nan manifestasyon yo. Jeneralman, se konsa li toujou ye. Dènye fwa kèk eleman nan boujwazi a te pran kou, se te nan kad manifestasyon 7 jiyè 2018 yo. E ta sanble se te kont ki t ap regle ant yon seri eleman nan boujwazi a.

    Lè n gade jan vit machin, ti antrepriz ak yon seri ponp gaz ap boule, li klè, se sa nou rele klas mwayèn yo ki toujou pran frap nan mouvman kraze brize yo. Poutan, foul yo toujou pase devan yon seri biznis yon seri politisyen ak gwo zouzoun nan sektè prive a, yo pa jan pran frap. Eske se yon bagay ki inosan ?

    Mwen envite nou tande diskisyon mwen fè ak Jetry Dumont sou koze sa a.

    • 47 min

Top Podcasts In News

The Daily
The New York Times
The Tucker Carlson Show
Tucker Carlson Network
Up First
NPR
The Megyn Kelly Show
SiriusXM
Pod Save America
Crooked Media
The Ben Shapiro Show
The Daily Wire