Awooo! | Lakou Sèvitè a

Sèvitè Fattah
Awooo! | Lakou Sèvitè a Podcast

Lakou Sèvitè a se yon espas echanj ki chita sou prensip Libète, Lanmou ak Ekilib. Matris ki akouche entansyon an konekte ak yon angajman nan yon demach pou patisipe nan leve konsyans Moun nan nan ayisyen an menm tan leve konsyans Ayisyen an nan moun. Lòt Ayiti nou vle a egziste deja, ann fè l manifeste pou Limanite Libere!

Episodes

  1. 12/07/2020

    LIBÈTE OU LANMÒ!

    Onè Respè nan Limyè ak Lanmou! Tèks sa se entèpretasyon youn nan Pawòl pi Vivan Zansèt nou te adopte. Pou chak tan gen yon nivo entèpretasyon Pawòl la ki koresponn. Se yon renouvèlman angajman kenbe Moun nou Kòm Ayisyen. LIBÈTE OU LANMÒ « Nou sèmante » pou kwape tout move mès, tout move panse, tout move santiman, tout move anvi ki vle bare wout nou sou santye Bondye a. N ap fè yon sèl ak pwensip Bonte, Jistis ak Ekilib. Bondye te kreye vèti, nou pa p esklav okenn vis. « Nou sèmante » pou n kanpe dwat devan tout moun. Devan tout moun ki vle domine nou sou baz siperyorite. Nou deja pwostène devan Bondye. Nou pa p bese tèt devan pèsonn. Nou pa p esklav okenn santiman enferyorite. Se sèl Bondye ki Gran. « Nou sèmante » pou n fè fas ak tout envizib ki vle pran nou kòm jwèt yo, kòm chwal yo. Nou deja chwazi soumèt tèt nou bay Sèl Bondye Granmèt la, pou n mache sou chimen dwat ki deja trase nan limyè a. N ap vanse san rete pou n akonpli misyon Granmèt la ban nou. Se Li ki bay lanmò se Li ki bay lavi. Nou pa p ba L asosye. « Nou sèmante » pou n chache lamoni ak tout kreyasyon an. Pou n onore manman nou Latè. Pou n sonje Bondye, chak kou nou wè parèy nou, chak kou nou wè dlo, chak kou nou wè solèy la, chak kou li fè nwa, chak kou nou leve tèt nou nou gade syèl la, chak kou nou wè bèt yo. N ap kase chenn ak tout move tretman, tout anvi, lanbisyon te konn fè n genyen devan yo. Mèvèy Bondye yo san parèy, n ap fonn nan yo. « Nou sèmante » pou n chire tout vwal iyorans ki fè n bliye kiyès nou ye. Ki anpeche nou kontre ak wout Seyè a trase pou Ayisyen. Nou se Endyen, Nou se Lafrik. Pwofèt Bondye yo se sèvitè nan peyi AYITI. Makandal vini ak pwofesi, Boukmann bay chimen limyè, Tousen louvri pòt la, Desalin rantre. Lendepandans deklare! NOU SE SEVITÈ BONDYE. NOU LIB DEVAN LINIVÈ. Chek Nago Atizan Lanmou Zik AYITI

    3 min

About

Lakou Sèvitè a se yon espas echanj ki chita sou prensip Libète, Lanmou ak Ekilib. Matris ki akouche entansyon an konekte ak yon angajman nan yon demach pou patisipe nan leve konsyans Moun nan nan ayisyen an menm tan leve konsyans Ayisyen an nan moun. Lòt Ayiti nou vle a egziste deja, ann fè l manifeste pou Limanite Libere!

To listen to explicit episodes, sign in.

Stay up to date with this show

Sign in or sign up to follow shows, save episodes, and get the latest updates.

Select a country or region

Africa, Middle East, and India

Asia Pacific

Europe

Latin America and the Caribbean

The United States and Canada