70 episodes

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.

AyiboLab AyiboPost

    • News Commentary
    • 5.0 • 1 Rating

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.

    Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti?

    Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti?

    Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon.

    Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme».

    An n tande yo nan emisyon AyiboLab espesyal sa a.

    • 25 min
    Pòtoprens : lè n ap respire a pa nòmal pou lasante

    Pòtoprens : lè n ap respire a pa nòmal pou lasante

    Lè n ap respire nan Pòtoprens lan reprezante gwo malè pandye pou sante n. AyiboPost envite chimis Job Paul ak medsen jeneralis Ricarven Ovil pou ede n konprann pi byen risk yo.

    An n koute !

    • 39 min
    AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a !

    AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a !

    Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis.

    Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas nan kontèks ensekirite n ap viv nan peyi a.

    • 51 min
    Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim?

    Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim?

    Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti.
    Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz?
    Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm Volny Paultre, pou n debat sou sijè sa.
    Ann tande.

    • 41 min
    Men poukisa moun pa ka jwenn san nan peyi a

    Men poukisa moun pa ka jwenn san nan peyi a

    Pwoblèm san nan peyi a lakoz anpil moun pa ka jwenn swen ki pou sove lavi yo a tan. Selon direktè Centre National Transfusion sanguine lan, si CNTS te ka pwodwi 60 000 jiska 80 000 pochèt san pa ane, yo t ap ka kouvri 90% nan demand popilasyon an aloske reyèlman yo poko janm ka pwodwi 30 000. Kisa ki lakòz?


    Ann tande Direktè a, Ernst Noë l nan emisyon AyiboLab sa a

    • 18 min
    Konprann rapò Ayisyen genyen ak poupe koulè nwa osnon blan

    Konprann rapò Ayisyen genyen ak poupe koulè nwa osnon blan

    Poupe nwa yo mwens enterese Ayisyen, daprè konsta AyiboPost fè nan plizyè makèt nan Pòtoprens. Poukisa se poupe blan yo ki plis vann? Èske se yon chwa ki senp?

    Doktè Irvika François, ki se espesyalis nan syans ledikasyon, pote anpil limyè sou tandans sa a, ki sanse konsène tout kominote nwa nan lemond.

    • 40 min

Customer Reviews

5.0 out of 5
1 Rating

1 Rating