Koze Kilti Vyòl

Koze Kilti Vyòl

Yon emisyon ki la pou ankouraje moun #Pafèsilans sou vyòl, tizonnay ak abi seksyèl ansanm ak langaj epi konpòtman ki pa gen plas yo nan #AyitiNouVleA.

  1. Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

    06/12/2021

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

    Fè bagay...fè bagay...fè bagay..! Sa sonnen mal nan tèt ou oubyen li sonnen nòmal? Nou sonje Elder te di nou sa? Toujou pale de fè bagay: avan nou fè bagay, pandan n ap fè bagay, aprè nou fin fè bagay. Se konsa n ap konn sa n vle, sa n renmen,  sa patnè nou vle ak renmen tout bon vre. Se konsa tou n ap ka tabli yon bon kilti konsantman. Poutan, nan peyi nou,  malgre entènèt la ba nou de twa ti zen dezantan, fè bagay toujou rete yon tabou. Nou toujou panse se yon bagay sal. Petèt se paske n pa pale de li ase, petèt paske l toujou tabou ki fè l fè zen konsa. Epitou,  nap remake mòd de zen sa yo toujou gen pou objektif degrade fanm paske yon iresponsab,  yon kriminèl, yon lach ( an n pa pè ba yo non yo merite) deside mete deyò yon zak ki te fèt an prive. Mezanmi moun lib fè bagay jan yo vle: a de, a twa, pran pozisyon yo vle, elatrye. Depi gen konsantman pa gen pwoblèm ! Pou pratik seksyèl sòti nan stad zen pou l rive nan nivo kote tout moun wè l nòmal. Pou lawonte a chanje bò, pou lach ak kriminèl pa sèvi ak videyo, foto entim pou entimide fanm;pou sosyete a sispann jije moun fanm an patikilye sou pratik seksyèl yo, finalman pou n tabli yon konsantman ki RALEE tout bon vre : Ann toujou pale de fè bagay.  Avan nou fè bagay, pandan nap fè bagay,  apre nou fi fè bagay. Let's talk about ! *** Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa James Tony Luc. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e08 *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    40 min
  2. Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

    06/05/2021

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

    Marie s on bèl tifi ki konn sa l vle. Pa sèlman pou lavi l men sou kaban n tou. Lè m di nou sa, li konn kò l, li konn sa k ap fè l plezi. Mezanmi, se pi bon bagay ki te ka rive yon moun men Marie pat konn sa. Dotanplis, ti kè l ba t pou David. David leve yon fason ki fè l konprann yon fi ki mande fè bagay oubyen ki di wi vit s on ti cholin. Marie vin blije paka epanouyi l vre. L ap mal viv. Pinga n bay tèt nou manti, depi pwoblèm fè bagay nou pa regle, li ka vin gwo pwoblèm. Epi tou fè bagay, mete sa nan tèt nou, se bèl bagay. Dènye kou ki pral touye koukou, Marie aprann David ak twonpe l ak yon fanm ki konn kò l menm jan avè l men ki pat pè di wi. Sitiyasyon sa, nou te wè l ak Dorothy ak Yves-Marie Exumé, rele teyori oubyen konplèks de la vierge et de la putin. Teyori sa vle fè kwè, anpil fwa,  gason ap chache yon fi ki sent pou madanm yo pandan y ap pran plezi yo ak yon lòt ki pa pè asime seksyalite yo. Bon… n ap dakò tou se pa paske w asime seksyalite ki fè patnè w pa p twonpe w oubyen ap toujou rete avè w. Bagay yo pi konplike pase sa. Men an n fon ti lojik: Si pa asime seksyalite w ka fè l twonpe w menm jan asime seksyalite w pap anpeche l twonpe w, eben chwazi tèt ou! Chwazi pou moman w ap pase a otantik. Finalman se paske w ap pran plezi ki fè w ap ka bay patnè w la plezi. Pou sa, fòk ou aprann di wi paske w gen dwa sa. Se sou sa nou pral chita jodya nan disetyèm epizòd KozeKiltiVyol. Marina Mathieu ap rejwenn nou pita pou n apwofondi konvèsasyon. *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    44 min
  3. Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

    05/29/2021

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

    Eske w te konen w gen dwa di non? Bon.. anpil nan nou ka mande tèt nou ki mòd kesyon sa. Men eske w konnen anpil moun paka di non? Yo pè fwase oubyen desevwa moun. Di non s on bagay ki tèlman enpòtan. Se paske w konn di non ki fè wi w ap gen valè. La n ap pale yon fason jeneral. Men nan sa ki kòsène nou, nan lit n ap mennen kont kilti vyòl, nou te wè tout wi pa gen valè, tout wi pa valab. Nou te mete aksan sou moun k ap mande konsantman an. Jodya,  n ap pale avè w, wi ou menm menm k ap bay konsantman w. Si lè yon moun mande w yon sèvis, li konn difisil pou w di l non, alewè pou yon moun ou abitye gen relasyon avè l. Mikwotwotwa ekip KozeKiltiVyol la te reyalize avan Senvalanten la montre aklè jan l difisil pou nou di non lè nou asanm ak yon moun,  lè nou fin kase randevou. Anpil moun te reponn: bon...nou deja la…. Nou te gentan planifye pou sa. Nou te jwenn menm repons sa yo ni bò kote fi ni bò kote gason. Anpil bagay ka esplike sak fè n pè di non. Nou pè pèdi moun lan, nou pa vle al nan diskisyon, nou bezwen moun renmen nou. Men tou, anpil fwa nou regret aprè. Alòs, li enpòtan pou n mande tèt si wi fòse nou te bay la, lanmoun moun n ap chache a, diskisyon nou vle evite a vo plis pase lanmou n gen pou tèt nou. Nou konnen aprann di non pa fasil. Men lè w aprann di lòt moun non, w ap aprann fè sa ki fè w plezi. W aprann renmen tèt ou. Epi tou, kijan w ap ka renmen yon lòt moun si w paka renmen pwòp tèt ou? Eske yon moun ki renmen w vre pap koute epi konprann lè w di l non? Eben mezanmi nan sèzyèm epizòd KozeKiltiVyol,  nou vin di w ou gen dwa di non. Pita, pou apwofondi konvèsasyon an, n ap akeyi Charlot Edler. Avèk li nou pral pale de enpòtans pou nou di non paske se sèl mwayen pou konsantman nap bay la RALEE tout bon jan n renmen di l nan KozeKiltiVyol.

    37 min
  4. Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

    05/15/2021

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

    Anpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?   Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye   Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.   Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …   Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.   Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.   Pita pou apwofondi sijè n ap resevwa Yves-Marie Exumé ki gen yon bakaloreya nan sikoloji. Avèk li nou pral abòde sijè konsantman kay timoun, malad mantal, defwa tou menm manm yon sèl fanmi. N ap ka wè avè l pi byen ki lè Wi pa toujou wiAnpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?   Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye   Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.   Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …   Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.   Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.   *** Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa Yves-Marie Exumé @aymexume. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e05 *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    27 min
  5. Koze Kilti Vyòl - Epizòd 11 - Fò l di wi anvan

    04/17/2021

    Koze Kilti Vyòl - Epizòd 11 - Fò l di wi anvan

    Souvan, konsantman prezante tankou yon bagay ki gen anpil zòn gri, men pa gen fwontyè flou nan konsantman: Si pa gen yon wi san kontrent, se non. Antanke sosyete, nou souvan pè pale de sèks e sa debouche tou sou koze konsantman an. Fi sitou gen difikilte pale de sa yo vle, sa yo pa vle nan sèks. Yon sèten moral piritèn ki prezante fanm tankou yon moun ki sibi ak seksyèl la fè yo pè eksprime sa ki ka fè yo plezi pou moun pa al panse se paske yo san moral, yo nan gason lontan, yo pase anpil nèg. Gen yon lide tou kòmkwa gason dwe batay pou kouche ak yon fi ki fè fi tankou gason panse yon bon fi s on fi ki rann sèks difisil pou w jwenn; sa ki mennen itilizasyon “kapris” reyèl ou pa kòm yon eskiz pou abi seksyèl sou fi. Nan dezyèm sezon Koze Kilti Vyòl, nou pral pale de aspè sa yo nan kilti vyòl la ansanm ak  kijan li kontribiye nan minimize kontwòl moun genyen sou kò yo, sou tèt yo. Pou nou ka byen abòde kesyon an, nou deside adopte definisyon ONU Femmes - yon òganizasyon nan NaysonZini ki okipe l de kesyon dwa fanm - bay pou konsantman. Genyen 5 karakteristik nou dwe chèche nan konsantman. Li dwe antouzyas: konsantman sa menm lè yo pa di l “non”, se yon “wi” toutbon l ap chèche lib: konsantman se pa twonpe, fòse, menase moun pou l di wi enfòme: moun nan dwe konnen sa l ap antre ladann pou l bay konsantman l; timoun pa ka bay granmoun konsantman; konsantman ak kapòt pa valab san kapòt, elt … espesifik: konsantman pou yon ak seksyèl nan yon moman done pa vle di konsantman pou tout ak sekyèl toutan. revèsib: konsantman pa la pou toutan, moun gen dwa chanje davi. Nan Koze Kilti Vyòl, pou fasilite n sonje chak karakteristik sa yo, nou kreye yon akwonim: RALEE. Nou di fòk konsantman an RALEE w sou moun lan. Kou epizòd sa fini, n ap poste sou sit entènet nou, nan kozekiltivyol.com, ansanm ak sou rezo sosyal yo, yon planch band desine ki ilistre sa pou nou. Nou envite nou sovgade l sou telefòn nou, oubyen lòt aparèy nou, pou pataje ak yon maksimòm moun. Nou ka agrandi l, enprime l, dekore lakay ak biwo nou tou. Nou pa janm konnen kilès enfòmasyon sa ka ede. Annatandan, ann fè yon ti rale sou RALEE a - R, A, L, E, E; kote nou pran chak premye lèt mo yo pou n ka sonje 5 karakteristik konsantman yo pi fasil; R pou revèsib; A pou antouzyas; L pou lib;  yon E pou enfòme; lòt E a pou espesifik. Li enpòtan pou n remake nou di konsantman dwe RALEE nou sou lòt la. Se pa nou k ralee lòt la sou nou; moun ki fè premye mouvman an; moun ki mande a; se li k toujou gen pou asire l lòt la, toujou sou sa; pandan tout dire relasyon an. Se moun ki mande asire l, relasyon an antouzyas, lib, enfòme. Se moun ki mande a ki pou asire l li pa depase limit espesifik akò li jwenn lan. Moun ki mande a pa dwe janm bliye, akò sa revèsib, moun lan gen dwa chanje lide. Pou lanse konvèsasyon, n ap akeyi Stéphanie Lamarre pou nou pale de enpòtans pozitivite nan sèks pou rive nan konsantman antouzyas n ap chèche a. Annatandan, nou pral wè ansanm diferan zouti n ap itilize pandan dezyèm sezon pòdkas la pou n ka fè konvèsasyon an vanse. Plis nan kozekiltivyol.com/s02e01 *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    30 min

About

Yon emisyon ki la pou ankouraje moun #Pafèsilans sou vyòl, tizonnay ak abi seksyèl ansanm ak langaj epi konpòtman ki pa gen plas yo nan #AyitiNouVleA.